Mesaj Prezidan

Avèk plis que 17 ane sèvis, Les Enfants Du Nile bay jèn lokal ak jèn entènasyonal Vizyon pou ede yo reyalize pi gwo rèv yo, epi Misyon nou se adrese swen kalite siperyè, nan sèvis sosyal ak imen nan kominote a, atravè apwòch ki baze sou prèv, ki gen ladan devlopman pwogram, angajman kominote ak fanmi, planifikasyon, aplikasyon ak evalyasyon. Nou kolabore ak òganizasyon, lidè kominotè, antite prive, ajans lokal ak gouvènmantal, pou kreye yon chanjman pozitif dirab pou jèn yo epi kite yon mak pozitif nan lavi jen yo. Mwen vrèman rekonesan pou sipò ak kolaborasyon patnè kominotè nou yo, ak volonter ki ede nou transfòme lavi jèn yo, epi kontinye sèvi nan kominote-an.

Guilouse Pean